Antoine Tassy, san an yon lejann foutbòl ayisyen
15 janvye 2024
An 2024, nou fete santenè nesans Antoine Tassy, premye antrenè ayisyen ki mennen seleksyon nasyonal la nan Koup di Mond, an 1974.
Se pou onore l Champion Football Club kreye Koup Zoupim, e se non l estad n ap bati a pral pote : Estad Concorde Antoine Tassy. Yon fason pou nou pase eritaj yon jeyan foutbòl ayisyen bay pi piti yo.